Wendyyy tounen, epi li tounen fò. 8 oktòb, li lage nouvo albòm li "Pi" — 9 track sou Traka Music Group, disponib tout kote ou koute mizik.
Premye track la rele "Frank Etienne" — yon omaj pou youn nan pi gwo ekriven Ayiti te janm genyen. Se pa chak jou yon rapè louvri albòm li ak literati. Sa di anpil sou tèt Wendyyy.
Epi non "Pi" a pa aza: 3.14, nimewo ki pa janm fini. Li mete l ak senbòl enfini an — Pi ♾️. Mesaj la klè: pou yon atis ki rele tèt li King rap kreyòl la, rèy li poko fini.
25 minit, kout, presi, pèsonèl. Al koute l.
0 comments